Dokiman Legal
Kondisyon Itilizasyon
Dènye mizajou: 14 dawou 2026
1. Akseptasyon Kondisyon Yo
Lè ou kreye yon kont SaboPay oswa lè ou itilize sèvis nou yo, ou aksepte kondisyon itilizasyon sa yo nan tout entegralite yo. Si ou pa dakò avèk nenpòt pwen, tanpri pa itilize platfòm nan.
SaboPay se yon platfòm nimerik pou jestyon sòl ak sabotay — yon sistèm epay rotativ tradisyonèl ann Ayiti. Nou bay zouti pou mèt sòl yo ka suiv pèman, jere manm, ak distribiye pòt la nan yon fason òganize.
2. Deskripsyon Sèvis la
SaboPay ofri:
- Kreyasyon ak jestyon gwoup sòl ak sabotay
- Swivi pèman chak manm pa sik
- Lyen aksè pèsonèl pou manm yo (san login)
- Istorik pèman ak estatis
- Notifikasyon pou distribisyon pòt la
Enpòtan: SaboPay se yon zouti jestyon sèlman. Nou pa kenbe lajan, nou pa fè tranzaksyon finansyè dirèkteman, epi nou pa responsab pou lajan ki sikile ant manm yo. Tout pèman fèt andeyò platfòm nan.
3. Kondisyon pou Kreye yon Kont
Pou itilize SaboPay, ou dwe:
- Genyen omwen 18 an
- Bay yon adrès imèl valid ak yon modpas solid
- Asire enfòmasyon ou yo vrè ak egzak
- Pa kreye kont pou lòt moun san pèmisyon yo
Ou responsab pou tout aktivite ki fèt sou kont ou. Si ou sispèk aksè san otorizasyon, kontakte nou imedyatman nan info@sabopay.co.
4. Règ Itilizasyon
Ou pa gen dwa itilize SaboPay pou:
- Nenpòt aktivite ilegal oswa fwod
- Blan lajan (blanchiment d'argent)
- Trompe oswa eskwoke lòt manm
- Antre fo enfòmasyon sou kont ou
- Eseye pirate oswa destabilize platfòm nan
- Revann aksè a platfòm nan ba lòt moun
5. Abonman ak Pèman
SaboPay ofri diferan nivo plan: Debutan (gratis 14 jou), Pro, ak Business.
- Pèman yo fèt chak mwa, alavan
- Ou ka anile nenpòt ki lè — sèvis la kontinye jiskaske peryòd aktyèl la fini
- Nou pa fè ranbousman pou peryòd ki deja kòmanse
- Pri yo ka chanje — nou ap avèti ou 30 jou alavan
6. Disponibilite ak Limit Sèvis
Nou fè tout efò pou SaboPay disponib 99% tan an. Men, nou pa garanti sèvis la disponib san entèripsyon. Nou ka fèmen sèvis la tanporèman pou antretyen oswa mizajou san avètisman.
SaboPay pa responsab pou pèt done oswa pèt finansyè ki soti nan entèripsyon sèvis oswa erè nan sistèm nan.
7. Pwopriete Entelektyèl
Tout kontni sou SaboPay — logo, kòd, design, tèks — se pwopriete SaboPay. Ou pa gen dwa kopye, modifye, oswa distribiye yo san pèmisyon ekri nou.
Done ou antre nan platfòm nan (non manm, montan, etc.) rete pwopriete ou. Nou pa reklame dwa sou done pèsonèl ou.
8. Rezilye Kont
Ou ka rezilye kont ou nenpòt ki lè depi nan paramèt kont ou. Lè ou rezilye:
- Aksè ou nan sèvis la pral sispann imedyatman
- Done ou yo ap efase nan 30 jou
- Gwoup ak istwa pèman yo pap disponib ankò
Nou rezève dwa pou nou fèmen kont ki vyole kondisyon sa yo san avètisman.
9. Limit Responsabilite
SaboPay se yon zouti jestyon. Nou pa responsab pou:
- Pèt lajan ki soti nan dezakò ant manm sòl
- Moun ki pa peye kontribisyon yo
- Fwod ant manm yo
- Desizyon finansyè ou pran sou baz platfòm nan
10. Chanjman nan Kondisyon
Nou ka modifye kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Nou ap avèti ou pa imèl oswa yon notifikasyon sou platfòm nan omwen 14 jou alavan. Kontinye itilize sèvis la apre chanjman yo vle di ou aksepte nouvo kondisyon yo.
11. Lwa Aplikab
Kondisyon sa yo gouvène pa lwa Repiblik Dayiti. Tout litij ap rezoud devan tribinal konpetan ann Ayiti.
12. Kontakte Nou
Pou nenpòt kesyon konsènan kondisyon sa yo, kontakte nou: