Lajan kliyan ou yo,
byen òganize.

Wè SaboPay an aksyon

40 segonn pou konprann kijan SaboPay ede w jere lajan kliyan ou yo.

Sòl se plis pase lajan.
Se konfyans.

Depi lontan, sòl se fason nou sipòte youn lòt, bati rèv ansanm, epi avanse ansanm. SaboPay pote tradisyon sa a nan yon nouvo epòk ak teknoloji.

Aprann plis sou SaboPay
Kominote

Kominote

Fanmi

Fanmi

Zanmi

Zanmi

Chak Manm Enpòtan

Chak Manm Enpòtan

Kijan SaboPay mache?

1

Kreye kont ou

Chwazi sa w ap jere: yon Sòl, yon Ti Kanè oswa yon kont Epay.

2

Ajoute kliyan yo

Antre yo, epi voye yo yon lyen pèsonèl — oswa yon sèl lyen ak yon sèl PIN pou tout kont yo.

3

Swiv & jere

Peman, depo, retrè, rotasyon ak rapò, an tan reyèl.

4

Kominike & pwoteje

Voye mesaj bay kliyan yo, bay ekip ou dwa limite, epi kenbe tout bagay an sekirite.

Pro, Business & Entreprise

Ti Kanè 100 Jou

Yon kanè epay fòse: chak jou kliyan an depoze lajan, ou make li peye, jiskaske yo rive nan 100 jou.

  • Griyaj 10×10 interaktif — klike pou make chak jou peye
  • Kliyan resevwa yon kòd inik pou wè pwogresyon yo
  • Wè istorik peman ak montan total ekonomize
  • Retire kòb fasil — anrejistre sa ou bay kliyan an
Plan ki adapte ak ou

Chwazi plan ki bon pou ou

Peye via MonCash · Anile nenpòt ki lè · 7 jou esè Pro gratis pou chak nouvo kont

DEBUTAN
Gratis
1 Sòl · 20 manm
  • Sòl tradisyonèl
  • Lyen pèsonèl pou chak manm
  • Swivi peman ak sik otomatik
  • Sabotay
  • Ti Kanè
  • Epay
  • Rapò otomatik
Kòmanse Kounye a
PRO
1 000HTG/mwa
5 Sòl · 50 manm
  • Sòl ak Sabotay
  • Lyen pèsonèl pou chak manm
  • Ti Kanè 100 Jou (jiska 100)
  • Rapò otomatik pa imèl (PDF)
  • Ti Kanè Mwa pa Mwa ak Eskal
  • Epay
  • Yon sèl lyen ak mesaj bay kliyan
Kòmanse Kounye a
Pi Popilè
BUSINESS
2 000HTG/mwa
Sòl ilimite · Manm ilimite
  • Ti Kanè san limit: 100 Jou, Mwa pa Mwa ak Eskal
  • Epay: kont, depo, retrè ak depo a tèm
  • Mikro Kredi
  • Yon sèl lyen ak yon sèl PIN pou kliyan an
  • Mesaj bay kliyan, kenbe pòt Sòl la
  • Ekip: jiska 3 moun
  • Finans, rapò otomatik ak enpòt CSV
  • Sipò priyorite
Kòmanse Kounye a
ENTREPRISE

Pou òganizasyon ki gen yon ekip

Plizyè moun sou menm kont lan, pwòp logo ak koulè ou sou paj kliyan ou yo, epi ekspò konplè. Sou kandidati — n ap pale ak ou anvan.

  • Tout sa Business genyen
  • Ekip san limit (responsab ak ajan)
  • Mak pèsonalize: logo, non ak koulè ou sou paj kliyan yo ak sou ikòn app la
  • Dwa pa ajan: kreye kont, efase, retrè
  • Ekspò gwoupe tout kont lan
Sou mezi

N ap pale ak ou anvan

Depoze yon kandidati
Òganizatè sòl an Ayiti
Bati an Ayiti

Yon zouti bati pou jan
sòl fèt an Ayiti.

SaboPay se yon platfòm nouvo. Nou pa t kopye yon zouti etranje — nou bati chak pati nan li apati jan sòl, sabotay, ti kanè ak epay reyèlman mache isit la.

  • Sòl ak Sabotay, ak 4 frekans: chak jou, chak 3 jou, chak semèn, chak mwa
  • Ti Kanè 100 Jou, Mwa pa Mwa ak Eskal — paske kolèk chak jou se yon reyalite
  • Kliyan yo pa bezwen kreye kont: yon lyen pèsonèl (oswa yon sèl lyen pou tout kont yo) ak yon PIN sifi
  • Done chak biznis izole nan nivo baz done a, pa sèlman nan ekran an

Pare pou jere Sòl, Ti Kanè ak Epay ou
ak Fasilite?

Sispann ekri sou papye ak kalkil tèt chaje — jere Sòl, Ti Kanè ak Epay ou dijital, san estrès.